RAPÈL ENPÒTAN
Ou kapab aplike pou Florida KidCare si pitit ou a gen lòt asirans medikal kounye a. Nou sijere ou kenbe asirans medikal pitit ou an genyen kounye a jiskaske ou resevwa yon lèt apwobasyon nan men Florida KidCare pou kite ou konnen lè nouvo kouvèti Florida KidCare pitit ou a pral kòmanse. Kouvèti Florida KidCare kòmanse nan premye jou a nan mwa a apre ou fin fè premye peman prim ou an.
Si prim mansyèl Florida KidCare ou an se $ 15 oswa $ 20, pitit ou pa ka gen lòt asirans medikal avèk kouvèti Florida KidCare anmenmtan. Ou pral bezwen pou anile lòt asirans medikal pitit ou an anvan nouvo kouvèti Florida KidCare la kòmanse. Sa se yon lwa federal. Tanpri rele sèvis konsomatè Florida KidCare nan 1-800-821-5437 si w ta genyen kesyon.
|