|
Nou swete w byenveni nan Florida KidCare
Ak Florida KidCare, Leta laflorid ofri yon asirans lasante ki kouvri timoun depi yo fèt jis lè yo gen 18 an, menm si toude paran pitit la ap travay. Li gen kat seksyon diferan. Lè ou fè aplikasyon pou asirans, Florida KidCare pral tcheke pou wè nan ki seksyon pitit ou ka kalifye dapre laj li ak salè fanmi an.
- MEDIKIDS: pou timoun san asirans ki gen ant laj 1 an ak laj 4 an.
- HEALTHY KIDS: pou timoun san asirans ki gen ant laj 5 kan ak laj 18 an.
- CHILDREN’S MEDICAL SERVICES NETWORK: pou timoun apati jou yo fèt jiska 18 lane ki pa gen asirans men ki bezwen swen medical espesyal.
- MEDICAID: pou timoun depi yo fèt jiskaske yo gen laj 18 an. Yon timoun ki gen lòt asirans medikal kapab toujou kalifye pou Medicaid.
Men enpe nan sèvis Florida KidCare kouvri:
- vizit kay doktè
- egzamen ak piki
- lopital
- chiriji
- preskripsyon
- ijans
- zye ak zòrèy
- dantis
- swen lasante mantal
Gen plizyè fason pou soumèt yon aplikasyon:
Florida KidCare ofri plizyè metòd pou w fè peman prim ou chak mwa |