|
Kijan pou voye aplikasyon Florida KidCare ou an
Gen plizyè jan pou voye anvlòp aplikasyon Florida KidCare ou a.
Nou sijere ou fè yon kopi tout aplikasyon ou pou dosye pèsonèl ou anvan ou voye aplikasyon ou an.
Si ou voye yon chèk oubyen
yon money order, ekri li bay
Florida KidCare. Pa voye kach.
Nou va ranbouse ou peman a,
si pitit ou (oubyen pitit ou yo)
kalifye pou Medicaid oubyen
si yo pa kalifye pou asirans lan. |
|
Voye aplikasyon an pa lapòs bay:
Florida KidCare
P.O. Box 980
Tallahassee, FL 32302-0980
Fax:
Voye aplikasyon ou an pa faks bay: 1-866-867-0054
Email:
Voye kopi aplikasyon ou an ak dokiman nesesè yo (Email):
applyrenew.healthykids@acs-inc.com.
Men nan ki fòma n ap aksepte dokiman ou voye nan imel : .JPG .JPEG .BMP .GIF .TIF .PDF .DOC .PPT .TIF .TIFF .TXT .RTF. Men sa n pi pito a se .JPG. Nou pa aksepte foto ki pi laj pase 10 MB. Si foto a pi laj pase 10 MB, se pou w tanpri zip dokiman an.
Delivre aplikasyon an pa pòs eksprès/yon jou (express/overnight mail), oubyen an pèsòn nan: Healthy Kids and Florida KidCare
661 East Jefferson Street, 2nd Floor
Tallahassee, FL 32301
(850) 224-5437 |