Department of Health Home A to Z Topics About the Department of Health Site Map Contact Us - Opens in a new window

Florida WIC Good Nutrition for Women Infants & Children Welcome to FloridaWIC.org

HomeWIC Program InformationNutrition MaterialsBreastfeeding InformationVendorsHealth ProvidersEmployment

Click here to find your local WIC telephone number

 

 

 

 

Enfomasyon sou WIC

WIC se yon pwogram nitrisyon pou fanm ki ansent oswa k ap bay tete oswa ki fèk ansent, tibebe ak timoun ki poko gen 5 an.

WIC bay bagay sa yo gratis:

  • Manje ki bon pou lasante
  • Edikasyon ak konsèy sou nitrisyon
  • Sipè pou bay tete
  • Referans pou swen medikal, vaksen ak sèvis nan kominote a

Pou elijib pou WIC selon revni w:

Revni total tout moun nan kay la dwe egal a montan ki nan règleman pou revni WIC lan oswa li dwe mwens OSWA ou ka elijib selon revni w si w ap resevwa Medicaid, Asistans Lajan Kach Tanporè (Temporary Cash Assistance-TCA), oswa Asistans Manje (Food Assistance). Men ou pa bezwen nan pwogram pou asistans piblik pou kalifye pou WIC.
 

Règleman pou Revni WIC
Pou yon fanm ki ansent, chak tibebe ki poko fèt konte pou yon moun anplis nan kantite moun ki nan kay la.

Kantite moun ki nan kay la Revni Mansyèl anvan taks ak dediksyon

1

$1,723

2

$2,333

3

$2,944

4

$3,554

5

$4,165

6

$4,775

7

$5,386

8

$5,996

Revize 4/30/12

Chak ane montan sa yo ka ogmante.

Pou aplike pou WIC:

  • Rele biwo lokal WIC (klike isit) ou an oswa rele nan nimewo gratis sa a 1-800-342-3556 epi di ou vle aplike pou WIC.
  • Biwo lokal WIC la pral baw yon dat ak lè pou yon vizit pou sètifikasyon WIC. Nan vizit sa a, yo pral egzamine revni fanmi an, estati medikal/nitrisyon chak kandida. Nan jou sa a, ou pral konnen si oumenm ak timoun ou yo elijib pou pwogram WIC lan.

Bagay pou pote nan vizit pou sètifikasyon WIC lan:

  • Vini avèk CHAK manm fanmi an k ap fè aplikasyon pou resevwa sèvis WIC.
  • Pote TOUT prèv revni pou tout moun ki nan kay la (montan anvan yo retire taks ak dediksyon). Revni enkli bagay tankou: salè, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou granmoun, pèman pou timoun ki nan mezon dakèy, enterè ou retire, konpansasyon pou chomaj, ak revni sèvis militè; oswa, si w resevwa Medicaid, asistans lajan kach tanporè (Temporary Cash Assistance-TCA), oswa asistans manje (Food Assistance), revni ou fè ki fè w elijib pou WIC. (Si w pap resevwa Medicaid oswa TCA, men lèt manm nan fanmi w ap resevwa benefis sa yo, revni w ka elijib pou WIC.) Pèsonèl WIC la ka verifye enskripsyon w nan pwogram sa yo. Men li ta bon pou ta pote lèt "Notice of Case Action" w lan, ki se prèv elijiblite pou youn oswa plis nan pwogram sa yo.
  • Pote YON prèv pou kote w abite a (piga bay bwat postal). Dokiman an dwe ajou epi li dwe montre non w ak adrès ou. Prèv yo aksepte enkli bil kouran, dlo, deklarasyon labank ak asirans, oswa lisans pou kondwi. Fèk ou abite nan Florid kounye a, men li pa nesesè pou se yon sitwayen ameriken.
  • Pote YON prèv idantifikasyon pou ou ak YON prèv idantifikasyon pou tout tibebe oswa timoun k ap aplike pou WIC, tankou ak nesans, lisans pou kondwi, kat yo te mete nan bèso l lè l te fèk fèt, idantifikasyon sèvis militè, idantifikasyon ki gen foto, kat sekirite sosyal, oswa dosye lopital.
  • Si doktè-w te ranpli Fòm Referans Medikal WIC la, mache ak fòm sa a nan randevou-w la.
  • Pote nimewo sekirite sosyal pou chak moun k ap aplike pou WIC, si sa disponib.
  • Pote dosye vaksen pou chak timoun, si sa disponib.

Dapre règleman Lalwa Federal ak "U.S. Depatman de Agrikilti" (USDA), enstitisyon sa-a entèdi diskriminasyon sou fòm lan ras, koulè, nasyonal orijin, sèks, laj e andikap.
Pou pote plent pou diskriminasyon ou rankontre, ekri: USDA, Director, Office of Adjudication, 1400 Independence Avenue, S.W., Washington, D.C. 20250-9410
oswa rele gratis nan (866) 632-9992 (Vwa). Moun ki pa ka tande byen oubyen moun ki gen pwoblèm pou pale ka kontakte USDA nan "Relay" Sèvis Federal nan (800) 877-8339; oswa (800) 845-6136 (Panyòl). USDA se yon founisè ak anplwayè ki bay opòtinite egal.


Florida Department of Health - Bureau of WIC Program Services
 
This page was last modified on: 05/23/2012 11:33:06