|
      

|
Bagay
pou pote nan vizit pou sètifikasyon WIC lan:
-
Vini
avèk CHAK manm fanmi an k ap fè aplikasyon pou resevwa sèvis WIC.
-
Pote
TOUT prèv revni pou tout moun ki nan kay la (montan anvan yo retire
taks ak dediksyon). Revni enkli bagay tankou: salè, pansyon
alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou granmoun, pèman pou
timoun ki nan mezon dakèy, enterè ou retire, konpansasyon pou
chomaj, ak revni sèvis militè; oswa, si w resevwa Medicaid, asistans
lajan kach tanporè (Temporary Cash Assistance-TCA), oswa asistans manje
(Food Assistance), revni ou fè ki
fè w elijib pou WIC. (Si w pap resevwa Medicaid oswa TCA, men
lèt manm nan fanmi w ap resevwa benefis sa yo, revni w ka elijib
pou WIC.) Pèsonèl WIC la ka verifye enskripsyon w nan pwogram
sa yo. Men li ta bon pou ta pote lèt "Notice of Case Action"
w lan, ki se prèv elijiblite pou youn oswa plis nan pwogram sa
yo.
-
Pote
YON prèv pou kote w abite a (piga bay bwat postal). Dokiman
an dwe ajou epi li dwe montre non w ak adrès ou. Prèv yo aksepte
enkli bil kouran, dlo, deklarasyon labank ak asirans, oswa lisans
pou kondwi. Fèk ou abite nan Florid kounye a, men li pa nesesè
pou se yon sitwayen ameriken.
-
Pote
YON prèv idantifikasyon pou ou ak YON prèv idantifikasyon pou
tout tibebe oswa timoun k ap aplike pou WIC, tankou ak nesans,
lisans pou kondwi, kat yo te mete nan bèso l lè l te fèk fèt,
idantifikasyon sèvis militè, idantifikasyon ki gen foto, kat sekirite
sosyal, oswa dosye lopital.
-
Si doktè-w te ranpli Fòm
Referans Medikal WIC la, mache ak fòm sa a nan randevou-w
la.
-
Pote nimewo sekirite sosyal pou chak moun k ap aplike
pou WIC, si sa disponib.
-
Pote dosye vaksen pou chak timoun,
si sa disponib.
Dapre règleman Lalwa Federal ak "U.S. Depatman de Agrikilti" (USDA), enstitisyon sa-a entèdi diskriminasyon sou fòm lan ras, koulè, nasyonal orijin, sèks, laj e andikap.
Pou pote plent pou diskriminasyon ou rankontre, ekri: USDA, Director, Office of Adjudication, 1400 Independence Avenue, S.W., Washington, D.C. 20250-9410
oswa rele gratis nan (866) 632-9992 (Vwa). Moun ki pa ka tande byen
oubyen moun ki gen pwoblèm pou pale ka kontakte USDA nan "Relay" Sèvis Federal nan (800) 877-8339; oswa (800) 845-6136 (Panyòl).
USDA se yon founisè ak anplwayè ki bay opòtinite egal.
|